Kreyòl pale, kreyòl konprann


Lekòl lete gouvènans la, tankou nou te di, te tanmen jou ki te 17 jiyè 2017 la. Anpil pawòl save t ap tonbe, sila yo ki te gen pou pran lapawòl yo, yo te montre kijan divès kalte pwoblèm k ap travèse peyi a domine yo. Konsa yo te ensiste pou jèn yo makonnen  lonbrik yo ak demokrasi, pou yo angaje yo nan divès kalte aktivite k ap òganize nan kad devlopman ti bout tè sila a, zansèt yo te mouri kite a.
Men, pami tout bèl diskou, tout ochan ak tout bravo lakontantman, gen yon bagay ki te make nanm ak lespri chak grenn ayisyen konsekan ki t ap patisipe nan lekòl gouvènans la, se te atelye teknik animasyon gwoup la. Poukisa tout je te brake sou atelye sila a ?

Jounen jodi a, n ap grandi nan yon peyi kote anpil moun pa konn li. Kidonk, moun ki konn li yo, pou yo santi yo save, pou yo ka bat lestomak yo, yo pale lang kolon an, franse. Men, anpil nan moun sa yo pa pale franse a byen, yo pale yon franse ki  pa toujou reponn ak estrikti lang nan, ki pa toujou respekte règ yo, sa nou te ka rele franse mawon. Sa fè nou konprann, gen yon sèl lang ki ranmase tout ayisyen, gwo kou piti, grannèg kou malere, nèg anwo kou nèg anba, lang sa pa lòt ke lang manman n ak papa n pale, li pa lòt ke kreyòl.

Se konsa, potorik gason yo bay pote non Hilaire Frédéric la te chwazi pale ak jèn yo an kreyòl. Li te ede jèn yo tabli diferans ki genyen ant yon animatè ak yon fomatè, ant yon fomatè ak yon pwofesè elatriye. Pi devan, jèn yo ta pral konprann kèk gwo nosyon franse tankou pedagoji ak andragoji. Men, baz atelye a te chita sou de wòch byen solid ki se :
  • ·         Konprann sa yo rele teknik animasyon gwoup.


  • ·         Alèz ak teknik pou reyalize yon seyans animasyon gwoup.

Mete sou sa, jèn yo te aprann latriye teknik animasyon gwoup ki egziste tankou : tou tab, brase lide, jwèt wòl, similasyon, travay ti gwoup, mikwo majik, ekspoze ak vizyèl/imaj.
Boutofen, tout moun te konprann epi dakò ak sa : pi bon mwayen pou ede ayisyen konprann, se pale avèk li nan lang manman l ak papa l, kreyòl. Jèn yo te kontan fè eksperyans la paske yo menm tou, menm jan avè w, menm jan avèk mwen, yo swaf retounen nan sous yo tankou tè sèch ki bezwen lapli.
Nou p ap kondane sila yo ki chwazi pale franse, paske ledikasyon nou resevwa se yon ledikasyon lakoloni ; yo pa aprann nou pale kreyòl, okontrè, yo aprann nou rejte l, pou nou ka elwànye n de pèp la, pou nou ka sanble ak kolon. Se nou ki pou goumen kont sistèm nan, se nou ki pou chèche rasin nou. Kreyòl la, se pa nou.

Ochan pou Hilaire Frederic !


Ludnear Diane Augustin 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Lettre à Mon Père

À toi, mon âme sœur manquée

Haiti debout et determinée!