Kisa nap fete menm? Drapo osnon inivèsite? Eske tètannou dwat?



Peyi dayiti pat sipoze nan eta sa paske menm nan almanak nou, aktivite chak vire tounen nap fè, bay okazyon pou lajan brase, pou lajwa ak kè kontan blayi nan kè tout moun menm sila ki nan lamizè e ki pran twal drapo pou  fè matela, tiye pinèz e pou siye machinn pou chèche lavi.

Apre nou finn selebre pwofesè kap travay depi plizyè lane san touche e rekonpanse sa ki pap travay kap touche, jounen jodya se dat istorik sa ki frape pòt nou.

18 Me fèt drapo ake inivèsite?

Tradisyon toujou fè nou al akayè, bay djaz kontra, lajan boule nan bidjonèl, pèp gouye, lajenès fimen, bwè kleren, fè SEX epi... diskou, pawòl, gèb flè, inogirasyon, pwomès, demand, plenyen, militan tèt pete rele viv, rele aba epi...lajan fèt nou la pou lòt ane.

Bò kote inivèsite yo se menm ti bagay yo sof defwa nan UEH la wap jwenn aktivite pi konsyant kap frape lespriw e pèmèt ou fè analiz konjonkti e reflechi paske janw konnenl lan jiskaprezan pwoblèm inivèsite pa janm enterese sosyete a  vinn jwenn medya leta antre nan fè konplo kont revandikasyon inivèsitè yo pou jere lajan《SPOT》.
Bò kote inivèsite privé ki, miyo akoz yo jwenn radyo prive kap fè pwopagann pou yo, apre sa.... se lekol lage, se《poorl party》se chawa kap pete nan oganize aktivite lanmè osnon ake pisin chak 18 Me akoz se yon jounen konje!

Antouka, li klè moman 18 Me a nou pran drapo  pou dra poun vlope zak koripsyon nou, foli nasyonalis nou, poun vlope kò nou malgre nanm nou sal. 
Li klè senbolis dat 18 Me a sere nan kontenè pwodui Dominiken e nan bato pwodui alimantè enpòte e ekspire.
Pandan nou di nap fete drapo ake inivèsite, e pandan rektè ap revandike 《gardienne Drapo, pa pozem kesyon pouw konnen konbyen espas leta kou prive, konbyen 《inivèsite》prive ak fakilte leta wap jwenn ki gen yon drapo etou konbyen ki sal kou peny ti dan.

Apati jodya biznis drapo ap kanpe e pri yo ka desann. Sepandan, kom yo pap ekspire nou sèten nap tande pale de drapo lot ane e nou espere nap toujou jwenn ti drapo a nan machinn Prezidan Jovenel Moïse pandan tout rès ane mandal la.

Li lè li tan poun chita poun konn sa nou vle Fè
fete ant drapo ake inivèsite! 
Lè sa nap resi jwenn 《Bonne fête》 soti nan bouchanm.

Richardson SERAPHIN
rseraphin@gmail.com

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

À toi, mon âme sœur manquée

Lettre à Mon Père

Haiti debout et determinée!